Additional Resource

COVID-19 Mizajou (Haitian)

Rasanbleman Manm Legliz yo Sispann Tanporèman Atravè Tout Mond lan

Dirijan lokal yo ap chita ansanm an konsèy pou yo ka detèmine kijan yo pral mete sentsèn disponib pou manm yo omwen yon fwa pa mwa.

Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo t

Tout sèvis adorasyon piblik, enkli reyinyon sentsène voye lèt sa a ki date 12 Mas 2020 an bay manm Legliz yo nan tout mond lan.

Chè frè m ak sè m yo:

Jan nou te pwomèt nan lèt nou an ki date 11 Mas 2020 an, n ap kontinye siveye kondisyon chanjan ki konsène viris COVID-19 la atravè tout mond lan. Nou te konsidere konsèy dirijan lokal Legliz yo, ofisyèl gouvènman yo ak pwofesyonèl medikal, epi nou te chèche direksyon Senyè a nan zafè sa yo. Kounyea, n ap bay direksyon sa yo.

Efektif imedyatman, tout rasanbleman piblik manm Legliz yo ap sispann tanporèman atravè tout mond lan jiskaske nou voye nouvo direksyon. Sa enkli:

  • Konferans pieu, konferans lidèchip ak lòt gwo rasanbleman yo
  • Tout sèvis adorasyon piblik, enkli reyinyon sentsèn
  • Aktivite branch, pawas ak pieu

Kote sa posib, tanpri itilize mwayen teknoloji pou nou fè tout reyinyon lidèchip ki esansyèl yo. Si ta gen kesyon espesifik, nou konseye nou pou nou mande dirijan prètriz lokal nou yo. N ap gen pou nou voye plis direksyon konsènan lòt sijè.

Evèk yo dwe pran konsèy nan men prezidan pieu yo pou yo ka detèmine kijan yo pral fè reyinyon sentsèn disponib pou manm yo omwen yon fwa chak mwa.

Nou ankouraje manm yo pou yo kontinye fè sèvis pastoral pou youn ka pran swen lòt. Nou dwe suiv egzanp Sovè a pou nou beni ak soutni pwochen nou.

Nou rann temwayaj konsènan amou Senyè a pandan tan ensètitid sa a. L ap beni nou pou nou ka jwenn lajwa si nou fè tout sa nou kapab pou nou viv levanjil Jezikri a nan tout sikonstans.

Sensèman,

Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo

Style Guide Note:When reporting about The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints, please use the complete name of the Church in the first reference. For more information on the use of the name of the Church, go to our online Style Guide.